« Bwa Kayiman », Istwa Yon Dènye Rasanbleman Pou Divòse Ak Esklavaj ( 14 Dawou 1791 )
Machin esklavaj kolonizatè yo te san fren sou zile a. Lavi fanm ak gason tèt grenn pa t gen twòp diferans ak egzistans zannimo. Se te bourike pandan tout jounen nan plantasyon yo ak gwo kout fwèt nan do kòm rekonpans. Sila ki pi fèb yo te rive pèdi lavi yo, konsa tou genyen ki te kòmanse mawon nan tèt mòn yo ak gwòt yo tou. Esklav mawon yo te wè li nesesè pou montre lòt yo chemen libète a tou. Se lide sa ki ta pral bay seremoni nan Bwa Bayiman.
Nan lannwit 14 Dawou 1791, yon gwoup esklav mawon te reyini nan Bwa Kayiman pou yon seremoni vodou ki te gen nan tèt li Dutty Boukman ak Cécile Fatiman. Se te yon rasanbleman politik ak relijye pou rele Lwa yo pou pote yo sekou fas ak tout soufrans yo t ap sibi. Pandan tanbou ap frape, esklav yo ap danse, Cécile Fatiman pran yon kouto epi li sakrifye yon kochon kreyòl nwa. Li pran san an epi li ofri l bay patisipan yo pou yo bwè. Menm moman an, boukan dife revolisyon an te kòmanse limen anndan chak grenn esklav. Libète yo p ap ba w sa, se pran pou w pran l. Wi, yon ti gwoup esklav rive mete do tout gwo lame atè pou pran endepandans yo 1 Janvye 1804.
Istwa seremoni Bwa Kayiman dwe raple chak grenn ayisyen : « ANSANM NOU FÒ ». Se nan linyon n ap jwenn fòs la tout bon vre. Premye esklav mawon yo te ka chwazi abandone lòt yo men yo te jije se yon devwa pou tout moun ka jwenn moso libète pa yo. Istwa sa tou te tounen yon sous motivasyon pou tout lòt pèp ki te nan esklavaj nan mond lan. Istwa nou se yon eritaj san pri zansèt yo kite pou nou. Annou itilize l pou nou vanse men nan men youn ak lòt. Menm jan ak seremoni Bwa Kayiman an, annou panse pou lòt yo tou, annou viv byen ansanm.