12 Prensip Bwa Kayiman

Vodou se yon eritaj kiltirèl ke zansèt Afriken nou yo te kite pou nou. Eritaj sila a ta pral mete limyè nan je tout esklav ki tap sibi tout fòm vyolans anba men kolon yo. Nan lannwit 14 Dawou 1791 lan, apre yon seremoni vodou ki te fèt nan Bwa Kayiman, esklav sa yo te fini pa rann tèt yo kont, ke libète w yo pap janm ba w li, se pran pou w pran l. Men èske w te konnen tou dèyè patrimwàn sa a ki se Bwa Kayiman, genyen 12 gran prensip ke w dwe konnen kòm vrè Ayisyen ?

Men kisa prensip sila yo di : 

1) Tout moun se moun, pa gen moun pase moun.

2) Tout moun gen plas yo anba syèl ble sa.

3) Si gen pou youn, gen pou de, sonje sa ki dèyè.

4) Chak moun gen fason pa li pou li lapriyè, respekte fason chak moun lapriyè.

5) Sa nou pa konnen pi gran pase nou.

6) Nan pwen anyen nan lavi a ki pa gen regleman. Se regleman ki bay lavi a ekilib.

7) Pa defèt ekilib lavi a san rezon. Moun ki mal deplase eleman yo, ap rale malè sou tout moun.

Tank n ap aprann, se tank n ap konnen kòman pou nou respekte ekilib lavi a. 

9) Pa janm manje manje bliye.

10) Toujou sonje : fè koupe fè, dèyè mòn gen mòn, pa fè san inosan koule, pa lage chay nan men manfouben. 

11) Veye! Lènmi Bwa Kayiman ap vini sou tout kalite non, ak tout kalite rechany pou yo tire revany. 

12) Malè yon eritye ki bliye esklav Bwa Kayiman pou moun k ap sèvi Bondye pa lote moun nan mitan bèt.

Listwa pèp nwa a inik, annou aprann konnen pase nou pi byen toujou, pou nou byen plase tèt nou, pou nou konnen ki kote nou prale. Men nan men, tèt kole, ann kite prensip Bwa Kayiman yo gide nou sou wout la.

M ap ba w foto yo apre

Add a Comment

Your email address will not be published.