Dessalines, Yon Paj Nan Istwa Peyi A Ki P ap Janm Efase

« 20 Septanm 1758 – 20 Septanm 2021 » Dessalines, Yon Paj Nan Istwa Peyi A Ki P Ap Janm Efase

Kote w sòti, koulè po w, lang ou pale pa enpòtan. Depi w gen volonte, lanmou ak pasyon, ou ka fè diferans lan. Donk, nan yon sosyete kote majorite moun parèy nou pa gen kouraj pou di non epi leve kanpe kont enjistis, dwe toujou genyen kèk nan nou ki pou aji pou yo. « Jean-Jacques Dessalines », papa nasyon an, se yon gwo egzanp ki demontre sa pi klè toujou.

Li te fèt yon 20 septanm 1758 nan komin « Grande-Rivière-du-Nord », ki sitiye nan depatman Nò peyi a. Nan epòk sa, esklavaj t ap taye banda sou zile a. Nan lane 1791, Dessalines te patisipe nan batay kont twoup fransè yo pandan revolisyon esklav ki te Sendomeng yo. Apre batay sa, Toussaint ba li grad lyetnan nan lame a. Apre depòtasyon Toussaint pou peyi Lafrans, lame endijèn nan sou kòmandman Dessalines, konbat fransè yo an novanm 1803, epi fòse yo kite zile a. 

Premye janvye 1804, Dessalines pwoklame endepandans peyi a epi mete sou plas, premye gouvènman peyi Dayiti. Yo kouwone li « Anperè Jacques 1er » nan dat 8 oktòb 1804 nan vil Okap. Malerezman, nan demen apre li fin mennen yon kanpay militè nan Sid peyi a, yo asasine l 17 oktòb 1806. 

« Annou jire pou nou konbat jiska dènye souf nou pou endepandans peyi nou » : se te youn nan pawòl selèb Jean-Jacques Dessalines pandan egzistans li.

3 thoughts on “Dessalines, Yon Paj Nan Istwa Peyi A Ki P ap Janm Efase”

  1. This is the best tour on the east coast! It was amazing how many places we visited and what great memories we made!

  2. This was not our first time going to here. It is a great place to shop not too far from New York. We took the bus from Port Authority and traveled through the countryside to get there.

  3. We always stay at here when in town. The location is great, staff is wonderful and we love the overall feel. Beautiful view from the here.

Add a Comment

Your email address will not be published.